Enstalasyon, konfigirasyon ak deplwaman
GNU Health, Tryton...
Enfòmatisyen ak Defansè Lojisyèl Lib
Bonjou! Pierre Michel Augustin se yon enfòmatisyen ki renmen lojisyèl lib depi plis pase 10 an. Li travay pou kreye solisyon dijital ki aksesib pou tout moun.
Pierre Michel Augustin se yon enfòmatisyen Ayisyen, li se manm asosye Free Software Foundation ak reprezantan GNU Health an Ayiti. Li se yon pwofesè nan Inivèsite Leta Ayiti ak Inivèsite Antenor Firmin. Li travay souvan sou diferan pwojè Lib, tankou: GNOME, MyGNUHealth, SAGE Edu…
Pierre Michel Augustin te fèt Pòtoprens, Ayiti nan dat 3 septanm 1983. Li te etidye nan «Universidad Tecnologica de Santiago (UTESA)» kote li te pran yon diplòm nan Jeni Enfòmatik an 2010 ak nan «Universidad Ramon Llull» kote li te pran yon Metriz nan Jessyon Teknoloji ak Enfòmasyon an 2015.
Sèvis pwofesyonèl ki baze sou valè libète ak transparans
GNU Health, Tryton...
Konsèy sou chwa teknik, arsitekti sistèm, ak migrasyon nan solisyon open source. Evalyasyon sekirite ak pèfòmans.
Fòmasyon sou GNU/Linux, Python, GNU Health, ak lòt zouti devlopè. Fòma adaptab selon bezwen ou.
Devlope ak adapte lojisyèl lib. Kontribisyon nan pwojè ekzistan ak devlopman solisyon nouvo.
Mwen chèche patnè pou pwojè ki respekte valè sa yo:
Pwojè mwen ak konpetans teknik
«Helios Voting» est un système de vote électronique accessible en ligne. Les utilisateurs peuvent voter aux élections et les utilisateurs peuvent créer des élections. N’importe qui peut voter; cependant, pour que le vote final soit compté, l’identification de l’électeur doit être vérifiée. Helios utilise le chiffrement homomorphe pour assurer le secret des bulletins de vote.…
«Agence Médical Désir (AMED)» ak «CENTRE MEDICO ET FAMILIAL DE NORD D’EST (CEMEFCO)» se 2 enstitisyon ki nan sektè sante an Ayiti ki chwazi GNU Health. AMED se yon Ajans Medikal ki trouve li Okap, se yon nouvo enstitisyon. CEMEFCO se yon klinik ki genyen plis pase 8 lane depi li ap bay sèvis sante…
Mo de Pas oswa Mo Sekrè: Depi nan Telefòn Entèlijan, pase nan Rezo Sosyo, pou rive nan kont bank anliy, n ap itilize Mo de Pas oswa Mo Sekrè pou otantifye nou ki souvan asosye a yon non itilizatè. Mo de Pas oswa Mo Sekrè sa se premye defans nou kont atak Sibè Kriminèl e…
Nou ka diskite sou yon pwojè, yon kolaborasyon, oswa tout lòt kesyon